Top40-Charts.com
Support our efforts,
sign up for our $5 membership!
(Start for free)
Register or login with just your e-mail address
 Videos 

TI POUCHON INSTRUMENTAL - Toto Necessite / Jarcbeats

Toto Necessite - Ti Pouchon INSTRUMENTAL Toto Necessite - Ti Pouchon Lyrics: Ala kontan m kontan Bondye renmen m Li banm kouraj pou m supòte woo Ala kontan m kontan Bondye renmen Li banm kouraj pou m pa komèt betiz KOURI al ABONEW! 😁 👉 Subcribe here : https://www.youtube.com/c/jarcbeats?sub_confirmation=1 Nan kèlke ane ki te pase Mwen te tankou yon jwif eran Mwen la toujou Zanmi leve frape m atè Yo fè tankou ke yo bliye m Mwen la toujou Ala bèl bagay se vanite Ou gen bèl oto pou yo prete Wi ou se ti Bondye pou yo Lajan nan pòch pa sa rete se pa reproòch ke map fè yo Mwen la toujou Wi m la toujou Kris kapab Nan kèlke ane ki te pase Mwen te tankou yon jwif eran Mwen la toujou Zanmi leve frape m atè Yo fè tankou ke yo bliye m Mwen la toujou Ala bèl bagay se lè w gen lajan Ou gen bèl oto pou yo prete Wi ou se ti Bondye pou yo Lajan nan pòch pa sa rete se pa reproòch ke map fè yo Mwen la toujou Wi m la toujou wo Wa di mwen la toujou aprè Dieu Zanmi leve m frape m atè Yo pale m mal yo kritike m, mwen la toujou Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w Fiyèl oh, pran kouraj Se lè w nan malè pou w konn si w gen bon zanmi [2x] Se lè w nan malè w pou w konn si w gen bon zanmi Se lè fiyèl mouri pou w konn si w gen bon marenn Se lè w nan pwoblèm pou w konn si gen bon zanmi Se bite m bite m poko tonbe wo Lè w nan pozisyon tout moun rele w ti pouchon Ou rive lanbi de boutèy wisky douz koka pou yo Ou tande w pèdi djòb ou tout moun te gentan bliye w Se bite m bite m poko tonbe wo Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w Fiyèl oh, pran kouraj Se lè w nan malè w pou w konn si w gen bon zanmi [2x] Si w ap koute sousi w ka komèt betiz chak jou Pa gade sou moun ou sanlè tonbe nan kouchay Lasosyete ap mande w men l pa janm ofri w anyen M pap koute lavi pou m al komèt betiz Zanmi leve lanwit l al fè afè l san w pa konnen Demen matin l leve men longè otomobil li Mwen pap gade sou moun wi m pap kopye sou zanmi Mwen menm mwen la toujou map demele m aprè Dieu Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w Fiyèl oh, pran kouraj Se lè w nan malè w pou w konn si w gen bon zanmi [2x] A wi sa se vre, se nan malè pou w konn si w gen bon zanmi Lè w nan pwoblèm nan touman, ou nan tout move moman Se lè sa pou w konnen si w gen bon kamarad pou vwazen Lè ou wè w gen lajan, tout moun se zanmi w Tout lajounen, fanmi, zanmi, visit, lajan Ou temèt gen 90 an, depi w gen lajan Wap okipe jèn timoun yo deyò a, yo rele w Ti Pouchon. Granmoun nan wi k ti pouchon an Ou wè laj li, lajan, larjan Bon, moun nan pèdi, li sot Okap li pèdi, pandan ke yo rankontre l Yo mande ki fanmi w, ki moun ou konnen. La belle Capoise paske l gen lajan, lajan Li sot Jacmel li pèdi Yo mande l ki moun ou konn nan Pòtoprens- Gerard Tadoucau Paske l gen kòb, konprann Depi w gen kòb tout moun se fanmi w Moun nan sot Okap li pèdi l anfouye, yo mande ki moun ou konnen Gerard Massisi paske l gen anpil lajan anpil lajan Bon yon flannè nan on zòn, li te mèt fè tout class li, bon filozòf Epa filozòf rabi non, filozòf ki gen savwa, ki konn pale, bèl disksyon Pouvu ke li pa gen lajan, li pa gen respè nan zòn nan. tout moun demake l Y ap fè fèt yo pa envite l, paske l pa nan pozisyon Men jou w tande li nan job, l ap degaje l, l kòmanse ap pase nan zòn nan Yo rele li enspekte, enspektè bonjou enspekte Li kòmanse pa chanje vwa, ti bas Vokal li kòmanse chanje l ap fè kòb, kòl nan kou. L komanse ap pale franse L ap eksprime l, ou konn ki non yo ba l nan zòn nan. Ki non yo ba l nan zòn nan? Ti Pouchon woy mon Dieu, gad ti Pouchon an non. Gad ale ti Pouchon an non Gad chita l nan on bèl voiture, paske l gen lajan l nan pozisyon E sepandan lè l te san pozisyon, tout moun te maltrete l Lajan larjan Bon lòt istwa se li k pral fè nou ri nèt Gen on mekanisyen k sot travay a 5hr L rele on komyonèt, chofè a monte pou li, li monte Pandan l monte, tout moun ap demake paske l sal, men li gen tout kle l zouti l nan men l On pakèt bèl medam la, tchuluchuchu ou konprann, yap eseye demake l Lè misye sispèk yo imilye l, misye te gen on mago lajan m pa konn yo te bay bay nan kay li Li rale kòb la lap feyte, san dola, de san dola, twa san dola, kat san dola, senk san dola Menm ekip medam sa yo ki tap meprize flanè a.. pandan yo wè mago lajan, ou konen lajan, lajan se leman Epi dam nan kanpe li di Ti Pouchon, ti Pouchon rale kòw non pou w pa tonbe. Ou nan pwen kamyonèt la non. Si yo pèdi w, si fanmi w pèdi w ti Pouchon Ti Pouchon, gade ti Pouchon an (3x) Rale kòw nan ti pouchon Ti pouchon yap pwoteje lajan w nan wi. Manti wi Ti Pouchon, wi Bondye gade on ti pouchon non. Mekanisyen an wi yo bliye vye rad sal la a zouti yo Oh wi entèl c’est mon cousin, il etait mon condisciple. Paske l nan pozisyon. Fiyèl oh pa kriye, fiyèl oh konsole w Fiyèl oh, pran kouraj Se lè w nan malè w pou w konn si w gen bon zanmi [2x] Lè w nan pozisyon tout moun rele w ti pouchon Ou rive lanbi de boutèy wisky douz kok #tipouchon #totonecessite #haiti
Top songs from around the world today


© 2001-2025
top40-charts.com (S6)
about | site map
contact | privacy
Page gen. in 1.6994350 secs // 56 () queries in 1.636134147644 secs